PREPARE W POU PI GWO SEZON LAVANT NAN ANE A

Pa sèlman gade moun ap vann sou entènèt. Aprann kijan pou konstwi pa w.

ECOM-FAMILY ede w konprann e-commerce etap pa etap: depi chwazi pwodwi, konstwi òf ou, rive sou maketing ak estrateji ki nesesè pou antre sou mache entènasyonal la avèk plis konfyans.

Fòmasyon etap pa etap Apwopriye pou debutan Estrateji sou mache entènasyonal
MACHE A DEJA LA

Pandan ou ap reflechi, milyon kliyan ap achte.

Fen ane a pote Black Friday, Cyber Monday, Nwèl ak lòt gwo peryòd komèsyal kote demann sou entènèt konn akselere anpil.

$1.29T

Lavant sou entènèt mondyal pandan sezon fèt Novanm–Desanm 2025.

+7%

Kwasans lavant sou entènèt mondyal pandan sezon fèt 2025.

56.4%

Pati acha sou entènèt fèt atravè smartphone nan sezon fèt ameriken 2025.

75%

Achtè mondyal ki deklare yo fè acha pandan Black Friday / Cyber Monday.

Sous done: Salesforce Holiday Shopping Data 2025, Adobe Analytics 2025, DHL eCommerce.
POUKISA KOUNYE A?

Fen ane a se pa moman pou kòmanse panse. Se moman pou pare.

Yon bon opòtinite pa vle di lavant garanti. Li vle di ou antre nan yon peryòd kote kliyan yo deja ap chèche, konpare ak achte pwodwi sou entènèt.

Black Friday & Cyber Monday

De gwo evènman ki konsantre yon kantite enpòtan trafik ak acha sou entènèt.

Kado pou fen ane

Kliyan ap chèche pwodwi pou fanmi, zanmi, travay ak tèt yo.

Kliyan entènasyonal

Entènèt pèmèt yon biznis prepare òf li pou kliyan ki depase mache lokal li.

Maketing ki planifye davans

Moun ki prepare pwodwi, kontni ak kanpay yo anvan sezon an gen plis tan pou teste.

DINAMIK SEZON AN

Enterè kliyan yo monte pandan sezon komèsyal la

Ilistrasyon vizyèl pou montre kijan demann sou entènèt kapab ogmante lè Black Friday ak sezon fèt yo ap pwoche.

Jen Jiyè Out Sept. Okt. Nov. Des.
ECOM-FAMILY

Ou pa bezwen devine. Ou bezwen yon metòd.

Objektif la se ede w konprann chak etap ki nesesè pou bati aktivite e-commerce ou avèk yon estrateji ki pi klè.

🔎

Rechèch pwodwi

Aprann analize pwodwi, demann, konpetisyon ak potansyèl mache anvan ou pran desizyon.

🛍️

Boutik pwofesyonèl

Konprann kijan pou prezante pwodwi ak òf ou pou kreye plis konfyans lè kliyan rive sou paj ou.

🎯

Maketing dijital

Aprann prensip ki dèyè piblisite, kontni ak fason pou rive jwenn moun ki ka enterese nan pwodwi ou.

📊

Analiz done

Sispann gade sèlman kantite like. Aprann konprann klik, vizit, ajoute nan panyen ak konvèsyon.

🌍

Mache entènasyonal

Konprann lang, òf, pozisyon ak lòt eleman ki enpòtan lè objektif ou depase yon sèl peyi.

⚙️

Sistèm & automatisation

Aprann òganize aktivite w pou ou ka travay avèk plis estrikti pandan biznis la ap devlope.

YON CHEMEN KLÈ

Soti nan lide pou rive nan yon aktivite reyèl.

ETAP 01

Aprann

Konprann baz modèl biznis la anvan ou depanse lajan san direksyon.

ETAP 02

Prepare

Chwazi pwodwi, òf, mache ak materyèl maketing ou.

ETAP 03

Lanse

Mete estrateji yo an aplikasyon epi kòmanse kolekte done reyèl.

ETAP 04

Optimize

Analize rezilta yo epi amelyore sa ki bezwen chanje.

DESIZYON AN SE POU OU

Fen ane ap rive kanmenm. Kesyon an se: èske w ap pare?

Ou pa bezwen konnen tout bagay pou kòmanse. Men ou bezwen yon direksyon, yon estrateji ak volonte pou aprann.

KESYON YO POZE SOUVAN

Ou gen kestyon?

Èske mwen bezwen gen eksperyans nan e-commerce?

Non. Fòmasyon an fèt pou ede w konprann fondasyon yo epi avanse etap pa etap.

Èske fòmasyon an garanti mwen pral fè lavant?

Non. Okenn fòmasyon serye pa kapab garanti rezilta finansye. Objektif ECOM-FAMILY se ba ou konesans, metòd ak estrateji pou ede w pran pi bon desizyon.

Poukisa nou pale anpil de fen ane?

Black Friday, Cyber Monday ak sezon fèt yo istorikman se peryòd enpòtan pou komès sou entènèt. Prepare davans pèmèt ou gen tan aprann, teste ak optimize.

Mwen deja achte fòmasyon an. Ki kote mwen antre?

Klike sou bouton “Mwen deja elèv — Konekte” ki anlè paj la pou antre nan espas elèv ou.

© 2019 – 2026 ECOM-FAMILY — Tout dwa rezève.
Rezilta yo depann de plizyè faktè tankou aplikasyon, pwodwi, mache, bidjè ak estrateji chak elèv.